Ipokrizi se lè yon moun ap seye aji yon fason pou l parèt pou sa l pa ye. Ann al gade jan 3 pèp jere relasyon yo.

 

A- Chen ap chase nèg nwè nan tout bwa peyi Afrik yo. Wa Afrik yo kole tèt yo ak moun ki rele tèt yo moun sivilize peyi Ewòp yo pou mete nèg sa yo anba chenn pou voye yo an Amerik kòm esklav. L Afrik se tè moun sovaj yo, Ewòp se tè moun sivilize yo, l Amerik se tè inosan yo; se la sovaj ak sivilize yo pral twoke kòn yo.

 

B- Fransè yo gen bon tèt ak bèl panse; men kè yo nwè pase lank. Tèt yo pa travay ansanm ak kè yo ; se sa k eksplike yo te pibliye Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan lanne 1789, pandan:

 

C- Ayisyen yo nan menm tan sa sou kòmand Tousen, t ap goumen kont Fransè yo pou aboli esklavaj sou tè peyi d Ayiti ak pou tout pèp k ap soufri enjistis tou patou sou tè a. Sa te fè:

 

D- Bonapat fache, li ranje yon konplo pou arete Tousen, epi l voye Rochanbo ak Lecklè pou vin remete Ayisyen yo nan esklavaj; yon fason pou lòt zile yo pa leve kanpe, pou yo pa swiv Ayisyen yo nan rebelyon kont enjistis. Ki sa mo inivèsèl la te vle di pou Bonapat?

 

E- Nan Fò Krèt-a-Pyewo 800 sòlda endijèn sèmante pou yo boule fò a ak tout sa k ladan, moun kou byen, tan pou yo ta kite 4000 sòlda fransè k ap vanse sou Fò a bat yo.

 

F- Ayisyen yo bat Fransè yo pou te ka pran endepandans yo premye janvye 1804. Konsa yo vin gen dwa pou yo te egziste ak viv menm jan ak tout lòt kretyen vivan. Fransè yo deklare Toussaint ak Dessalines pa nèg nwè akoz kouraj yo ak karaktè yo.

 

G- Etazini ki te pran endepandans li kèk lanne anvan sa (1776) refize rekonèt dwa pèp ayisyen an pou l ta vin yon pèp lib e libè menm jan ak yo paske se yon pèp koulè nwa. Men ki te mele nou ak yo? Goumen pou n pran endepandans nou te pi difisil, nou rive fè l; zafè k gade sa k pa vle rekonèt li. Sonje li prèske te pran yo yon syèk (1860) apre endepandans yo, anvan pou yo te aboli esklavaj sou papye.

 

Konklizyon –

Ameriken pa vle wè Fransè paske yo ipokrit. Fransè pa vle wè Ameriken paske yo san rekonesans

Ayisyen pa vle wè Fransè paske yo se mòde soufle. Fransè pa vle wè Ayisyen paske yo te rive konprann sa k te ekri nan Deklarasyon Inivésèl Dwa Moun nan. Ameriken yo pa vle wè Ayisyen yo pou menm rezon ak Fransè yo. Ayisyen pa vle wè ipokrit mòde soufle k ap pale de dwa moun ak demokrasi; alòske se de enterè yo vle pale, istwa nou ak yo pa kout , kòdnwa nan pòtvwa se fènwa, pòtvwa pote vwa nou sou tout wout, kwa nou anba esklavaj ak ipokrit poko bout,dwa pou n ekziste pou yo te nan dout, viktwa nou sou yo se pa tout, fènwa ak enjistis pa klere wout

dwa nou te mezire pa ti gout, memwa nou pa nan vout, dwa, devwa ak lwa ta dwe pou nou tout

 

Relasyon 3 pèp sa yo, soti sou zile Latòti, pase Potopwens, tonbe Pari, pou rive Wachintonn, se yon konsonmen ranje, yon asosyasyon vòlè, bouzen ak malfèktè ap bwè an soudin.

Ayisyen, ann demele n pou kont nou anvan l twò ta tande!

François Nau

 

 

Leave a Reply